Whimsical 12
Official Obituary of

Danie Leo

January 20, 1999 ~ January 19, 2025 (age 25) 25 Years Old

Danie Leo Obituary

Biografi Danie Leo

Bonjour tout moun, mwen salye nou nan non Jesi, ou

menm ki kite aktivite w pou vini ba nou sipò ou nan moman difisil

sa, e ki vinn bay sè nou denye omaj jodya map di nou nou onore

sa.

Ki moun Danie Leo te ye?

Danie Leo te fèt 20 Janvye 1999 an Haiti nan Lavalle de Jacmel

localité Bazen, li te mouri le 19 Janvye 2025 lavey 26e anivèsè li.

Danie Leo jounen jodi a kite dlo nan je manman li Mimose

Jean-Louis, papa li Danius Leo frè ak sè li yo: Nathan, Juvenson,

Mirlene, David, Mireille, Fabienne, Salomon, Josue. Nap mande

Bondye pou’l bay yo fos nan moman ke yo pèdi dènye pitit fe yo a

e 8e fami a.

Avèk èd gran fami sa Danie Leo fe prime li nan lekòl

“Nouvelle vie de Bonika” li te kontinye etid segondè li nan Kolèj

“ La Trinite.” Li te antre USA Juillet 2023 Kote li pat pran tan pou

al pran yon skill e sètifye pa eta Rhode Island kòm nurse

assistant.

Se konsa Danie te komanse travay avék anpil kouraj pou’l

ede tèt li e ede manan li.

Moun ki te viv ak Danie e renmen sita ki jès rekonèt li pa

janm temwaye okenn movè atitid kay Danie. Se yon jeun trè

respekte, moun sage e timid: Li difisil pou Danie gade w nan je e

abòde ou pou premye fwa, li trè resève.

Mwen di kouraj ak fanfa legliz Rhode Island paske yo pèdi

yon “Saxophoniste” e kouraj Pasteur Joel Geurier Pou pitit fi ou ki

devanse nou.

Yon kodoleyans spesyal a famille Jean-Baptiste aprè tout

sakrifis nou nan Danie pou nou ap soufri de absans li jodya

kouraj, Bondye ap rekonpanse nou.

Enfen leternèl te ba nou, Létènèl prank e non li Beni.

Disons paix repos à son âme.

To send flowers to the family, please visit our floral store.


Services

Visitation
Friday
February 7, 2025

6:00 PM to 9:00 PM
Bell Funeral Home, Inc.
571 Broad Street
Providence, RI 02907

Funeral Service
Saturday
February 8, 2025

9:00 AM to 12:00 PM
Elmwood Avenue Church of God
297 Elmwood Avenue
Providence, RI 02907

Burial

Pawtuxet Memorial Park
100 Harrison Avenue
Warwick, RI 02888

SHARE OBITUARY

© 2026 Bell Funeral Home. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS & TA | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility